
Premye tèks nou konnen ki ekri an kreyòl ayisyen genyen anviwon 10 liy. Li te parèt lan yon liv ki rele Voyage d’un Suisse dans différentes colonies d’Amérique ki te pibliye an 1786. Moun ki te ekri liv sa a rele Justin Girod de Chantrans. Li te yon vwayajè suis ki te viv Sen Domeng ant mwa me 1782 e jiyè 1783. Men tèks sa a jan li te parèt lan liv de Chantrans an. Se te yon lèt yon jenn ti fanm esklav te ekri mennaj li pou li mande li padon paske mennaj la te konprann ti fanm lan ap ba li zoklo:
Moi étais à la case à moi; moi étais après préparer cassave à moi; Zéphir venir trouver moi, li dit que li aimer moi, et qu’il voulait que moi aimer li tout. Moi répondre li que moi déjà aimer mon autre et que moi pas capable d’aimer deux. Li dit moi, que li mériter mieux amour à moi que matelot à li. Moi répondre li, que li capable de mériter li mieux, mais que pas te gagner li encore. Li dit moi que li va gagner li, et tout de suite li faire moi violence…Ah, toi connais comment li fort! Juger si gagner faute à moi! Le ciel témoin, cher dombo, de l’innocence et de fidélité à moi.
Mwen te anndan joupa mwen, m tap pare kasav mwen; Zéphir vin wè mwen, epi li di m li renmen mwen, e li ta renmen mwen renmen li tou. Mwen di li mwen gen yon mennaj deja e mwen pa kapab genyen de mennaj. Li di mwen li merite lanmou mwen pi plis pase matlòt li. Mwen di li se posib men li poko genyen li. Lè sa a, li di mwen l ap vin pran li, epi san m pa atann li plonje sou mwen… Ou konnen jan nèg sa a gen kouray! Eske ou panse se fòt pa m! Bon Dye lan syèl la temwen, dombo cheri, mwen inosan e mwen se yon mennaj fidèl!
Malgre enpòtans istorik li, nou dwe li tèks sa a avèk anpil rezèv epi nou pa ta dwe konsidere li tankou yon bon echantiyon lang kreyòl moun te konn pale lan Sen Domeng lan epòk sa a. Girod de Chantrans se yon etranje ki te viv Sen Domeng pandan yon sèl lane epi li pa te konn pale kreyòl fen e byen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario