miércoles, 23 de abril de 2008

ORIJIN LANG KREYòL AYISYEN AN

kouman kreyòl la te koumanse?

Lè nou fè yon rale mennen vini soti depi sou tan lakoloni, nou wè lang kreyòl la se yo bagay ki pran nesans nan tout koloni ki te gen esklav nwè ki te sot an Afrik. Se konsa esklav yo, lè yo te rive nan koloni an yo, yo pa te gen libète pou yo te komike antre yo. Paske yo te gen difikilte pou plizyè rezon:
1- kolon yo pa te penmèt yo pale antre yo, pou evite yo mare konplo kont yo.
2- Epitou ant esklav yo, te genyen gwo difikilte pou youn te konprann lòt, paske yo te soti nan plizyè tribi ki pale dialèk diferan an Afrik.

Se poutèt sa esklav yo te oblije ap veye lè mèt yo pa prezan, pou yo te eseye kominike youn ak lòt menm lè youn pa te compran lòt. Sa te vin fè nan chanje mo diferan antre yo dapre tribi pa yo chak, yo te koumanse kreye yon fason pou yo pale antre yo. Sa se yon nan premye pa ki pral bay nesans ak lang kreyol la. Se poutèt sa, nan koumansman, kreyol la te gen yon fòm patwa, paske se te mo koupe kole. Nan ka sa, sou chak gwo pwopyete kolon blan yo, chak gwoup esklav te genyen you patwa pwòp pou yo menm, paske sa te depann nan ki tribu yo te soti nan Afrik la. Se sa ki fè nou ka wè, jouk jounen jodia nan chak antiy yo, yo pale kreyol la you jan diferan.

Lòt bagay ankò ki rantre nan nouvo mòd pale esklav yo, se mo fransè yo. Ka sa te prezante se paske, esklav domestik yo lè yo ap fè travay nan kay mèt yo, yo te toujou tande mo franse yo k´ap soti nan bouch gwo kolon blan yo ki te konn ap pale swa ak madanm yo, pitit yo oubyen zanmi yo. Se konsa esklav domestik sa yo, lè yo te konn ap pale antre yo, oubyen ak lòt esklav jaden yo, yo te koumanse ap sèvi ak menm mo franse sa yo. Pa egzanmp: lè yon blan kouche ak you bèl nègès, lè nègès la akouche si li fè de timoun, sa te vle di pou blan li se yon gason ki garyon anpil, lè li ap pale franse ak lòt zanmi li yo li di “ce fruit lá, c´est le germe de ma race”, lòt esklav yo ki pa konprann franse entèprete fraz la nan fason pa yo, epi yo di: blan di “se de marasa”. konsa, mo marasa vin devni an kreyòl de timoun ki fèt menm lè nan yon sèl pòte.

Se poutèt sa , an gwo nou ka di orijin lang kreyòl la te koumanse depi sou tan lakoloni ak yon melanj de plizyè lang ewopeyen, tankou: franse, espanyòl, pòtigè ak anglè. Paske sa te depann de ki gwoup blan ewopeyen ki t´ap koumande nan chak koloni ki te nan zile yo ak lòt teritwa yo.

No hay comentarios: