martes, 29 de abril de 2008

NESANS LANG KREYòL LA

Lang kreyòl yo pran nesans apati efò popilasyon esklav la pou pale lang mèt li. Premye efò yo abouti a yon mwayen kominikasyon primitif, san estrikti, yon senp echanj mo ke yo rele nan jagon lengwistik, yon ‘pidjin'. Nou dwe ajoute tou, isit, avan yo te rekrite esklav yo nan diferan rejyon Afrik, yo te pale lang diferan. Sa te fèt pa esprè pou yo pa t òganize yo youn lòt de fason pou pa t leve kont mèt yo.


Daprè gwo etid ki fèt, nou wè gen lang ki vivan (sa moun ap pale), konsa tou, gen lang ki mouri. Pa egzanp «laten» se yon lang mouri paske pa gen moun ki pale l ankò byenke (tras) itilizasyon l, nan sèten ka, enpòtan pou yon seri referans (tèlke nan syans, koze legal, elt.). Gen lang ki manman lòt lang. Nan ka sa a, nou ka konsidere «laten» tankou yon manman lang (nan gwo branch «endo ewopeyen an») paske gen anpil lòt lang romàn (kouwè: espayòl, fransè, gayeyo, italyen, katalan, provansal, roumanyen) ki pran rasin yo ladan. Daprè sa nou fin wè la a, nou ka di kreyòl se yon lang vivan paske li pale nan yon peyi kote moun sèvi avèk li pou kominike toulejou epi fè sa yo bezwen ladan. Koze sentaks (chapant lang nan) ak semantik (sans mo yo), mòfoloji (fòmasyon mo yo), nou kite sa pou mesye lengwis yo ki dwe mete yo ansanm pou konble vid ki merite konble nan lang kreyòl la.

No hay comentarios: