martes, 29 de abril de 2008

Nesans lang kreyòl ayisyen an

Daprè anpil rechèch ki fèt, lang kreyòl la ta gen estrikti kèk lang ki sòti nan zòn lwès kontinan Afriken an. Pou n pi klè, n ap di lang «ewe» ak «fon» (nan epòk disetyèm syèk). Afriken, sa yo kolon blan te trennen vin lage Sendomeng, pa t gen lòt bagay pou fè ke chache konprann youn lòt epi vòlè mo anba bouch kolon blan, yon kole pyese ki bay nesans a yon tip «pidjin» epi ki evolye nan yon lang oubyen yon kominezon ki vin bay lang kreyòl la (daprè sa Michel Degraff ekri nan rechèch li fè sou lang la1. Ernst Mirville (M.D), nan yon dokiman li ekri ki rele «Le créole peut-il être clair?» (èske kreyòl la ka klè?2, montre nan travay sa a ke kreyòl se yon lang tankou tout lòt paske avèk lang sa a, ou ka fè sòti tout lide w genyen nan zafè lasyans, moral ak relijyon. Yon lide anpil moun pa pataje menm lè yo sèvi ak lang lan pou eksprime tout doulè, kontantman, kominike ak lòt bagay, bay blag, rakonte istwa, elatriye

No hay comentarios: