Nan Jounen Entènasyonal Kreyòl, nou vle voye yon gwo kout chapo bay tout moun ki kontinye ap fè rechèch sou lang sa a. Nou pa ka bliye Paul Dejean, ki depi nan lane 1963, t ap goumen pou redwi kantite moun ki pa konn li ak ekri anndan peyi a. Yves Dejean, nan lane 1977, parèt ak liv sou kòman yo dwe ekri kreyòl. Anpil jefò te fèt pou rive bay lang kreyòl la yon òtograf ofisyèl (1979) pou tout moun k ap sèvi ak li suiv. Nou pa bliye Emmanuel W. Védrine, ekriven ayisyen, nan lite l ap lite (depi ane 80 yo) pou bay lang kreyòl la vrè plas li merite nan sosyete a. Sepandan, nou rekonèt gen anpil travay ankò ki rete pou fèt e jwèt la nan men lengwis, sosyolengwis yo, ansanm ak tout moun ki vle pote kole nan gwo konbit sa a pou avansman lang kreyòl la. Nou fini pa konprann Pèp Aysisyen, ki toujou ap bay leson, dwe ankouraje travay k ap fèt nan domèn lan pou ka rive fè lang kreyòl la jwenn vrè plas li nan sosyete ayisyèn lan ak nan lemonn. Se yon bagay ki va sèvi yon byen, yon modèl pou lòt pèp k ap pale menm lang sa a (ak varyasyon lokal), nan lòt kilti. Koze lòt fason oubyen aksan pa ta dwe gen anpil enpòtans paske anglè ki pale Ozetazini gen anpil diferans pou sa ki pale nan peyi Angletè. Menm bagay la pou lang fransè. Lè pou fè diferans lan, yo oblije mande èske se fransè Kanada oubyen Lafrans, etsetera.
San nou pa ale pi lwen, nou jwenn liv ki ekri pou etranje k ap aprann lang kreyòl la tankou: Siwolin: leson kreyòl pou etranje ki pale fransè, ak divès lòt ankò. Alòske anpil ayisyen pa konn ekri lang y ap pale toulejou a. Sa a se lawonte, mezanmi!
Koze pale lang anndan peyi Ayiti pa piti paske nou pa ka bliye tou, Ayiti se yon zile ki gen de (2) lang ofisyèl: fransè ak kreyòl. Li lè li tan pou Ayisyen sispann fè demagoji. Ann pote kole ak tout moun, tout enstitisyon ki vle fè pwomosyon de (2) lang sa yo anndan peyi a. Nou pa ka jete ni fransè ni kreyòl. Yon Aysisyen ta dwe pale, ekri ak konprann toulède.
martes, 29 de abril de 2008
Suscribirse a:
Enviar comentarios (Atom)
No hay comentarios:
Publicar un comentario