martes, 29 de abril de 2008
Òtograf
Jiskaprezan, se sitou lan domèn òtograf gen efò ki fèt pou estandadize kreyòl ayisyen. N ap raple se lan lane 1980, vin genyen yon òtograf ofisyèl pou kreyòl ayisyen. Lan kesyon diksyonè, gen kèk bon diksyonè bileng angle-kreyòl ak franse-kreyòl, men poko genyen yon diksyonè kreyòl- kreyòl, menmsi sou yon plan pedagojik, li enpòtan pou ta genyen youn. Pou moun ki pale angle, genyen anpil bon liv deyò a pou aprann kreyòl ayisyen men genyen omwen 4 inivèsite ameriken ki anseye klas kreyòl. Laplipa lengwis ki etidye kreyòl ayisyen admèt li gen 3 manman dyalèk: dyalèk lan Nò : se varyete moun pale lan Kap Ayisyen ki reprezante dyalèk sa a; dyalèk lan Sant lan: se varyete moun pale lan Pòtoprens ak lan zòn Pòtoprens ki reprezante dyalèk sa a; epi dyalèk lan Sid: se varyete moun pale lan zòn vil Okay ki reprezante dyalèk sa a. Varyete moun pale lan Nò a sanble se li menm ki mwens sanble ak kreyòl majorite Ayisyen pale, akoz de kèlke diferans li genyen sou plan leksikal ak sou plan sentaksik. Varyete moun pale lan Sant lan sanble se li menm ki gen plis prestij pou rezon politik, ekonomik, e kiltirèl, men paske gen anpil moun ki kite pwovens pou vin viv Pòtoprens, fwontyè ki separe dyalèk yo vin pi flou e anpil Ayisyen pale alèz 2 dyalèk.
Suscribirse a:
Enviar comentarios (Atom)
No hay comentarios:
Publicar un comentario