miércoles, 21 de mayo de 2008
miércoles, 30 de abril de 2008
Premye derape kreyòl ayisyen an kóm lang

Premye tèks nou konnen ki ekri an kreyòl ayisyen genyen anviwon 10 liy. Li te parèt lan yon liv ki rele Voyage d’un Suisse dans différentes colonies d’Amérique ki te pibliye an 1786. Moun ki te ekri liv sa a rele Justin Girod de Chantrans. Li te yon vwayajè suis ki te viv Sen Domeng ant mwa me 1782 e jiyè 1783. Men tèks sa a jan li te parèt lan liv de Chantrans an. Se te yon lèt yon jenn ti fanm esklav te ekri mennaj li pou li mande li padon paske mennaj la te konprann ti fanm lan ap ba li zoklo:
Moi étais à la case à moi; moi étais après préparer cassave à moi; Zéphir venir trouver moi, li dit que li aimer moi, et qu’il voulait que moi aimer li tout. Moi répondre li que moi déjà aimer mon autre et que moi pas capable d’aimer deux. Li dit moi, que li mériter mieux amour à moi que matelot à li. Moi répondre li, que li capable de mériter li mieux, mais que pas te gagner li encore. Li dit moi que li va gagner li, et tout de suite li faire moi violence…Ah, toi connais comment li fort! Juger si gagner faute à moi! Le ciel témoin, cher dombo, de l’innocence et de fidélité à moi.
Mwen te anndan joupa mwen, m tap pare kasav mwen; Zéphir vin wè mwen, epi li di m li renmen mwen, e li ta renmen mwen renmen li tou. Mwen di li mwen gen yon mennaj deja e mwen pa kapab genyen de mennaj. Li di mwen li merite lanmou mwen pi plis pase matlòt li. Mwen di li se posib men li poko genyen li. Lè sa a, li di mwen l ap vin pran li, epi san m pa atann li plonje sou mwen… Ou konnen jan nèg sa a gen kouray! Eske ou panse se fòt pa m! Bon Dye lan syèl la temwen, dombo cheri, mwen inosan e mwen se yon mennaj fidèl!
Malgre enpòtans istorik li, nou dwe li tèks sa a avèk anpil rezèv epi nou pa ta dwe konsidere li tankou yon bon echantiyon lang kreyòl moun te konn pale lan Sen Domeng lan epòk sa a. Girod de Chantrans se yon etranje ki te viv Sen Domeng pandan yon sèl lane epi li pa te konn pale kreyòl fen e byen.
martes, 29 de abril de 2008
impòtans lang kreyòl la
Nan Jounen Entènasyonal Kreyòl, nou vle voye yon gwo kout chapo bay tout moun ki kontinye ap fè rechèch sou lang sa a. Nou pa ka bliye Paul Dejean, ki depi nan lane 1963, t ap goumen pou redwi kantite moun ki pa konn li ak ekri anndan peyi a. Yves Dejean, nan lane 1977, parèt ak liv sou kòman yo dwe ekri kreyòl. Anpil jefò te fèt pou rive bay lang kreyòl la yon òtograf ofisyèl (1979) pou tout moun k ap sèvi ak li suiv. Nou pa bliye Emmanuel W. Védrine, ekriven ayisyen, nan lite l ap lite (depi ane 80 yo) pou bay lang kreyòl la vrè plas li merite nan sosyete a. Sepandan, nou rekonèt gen anpil travay ankò ki rete pou fèt e jwèt la nan men lengwis, sosyolengwis yo, ansanm ak tout moun ki vle pote kole nan gwo konbit sa a pou avansman lang kreyòl la. Nou fini pa konprann Pèp Aysisyen, ki toujou ap bay leson, dwe ankouraje travay k ap fèt nan domèn lan pou ka rive fè lang kreyòl la jwenn vrè plas li nan sosyete ayisyèn lan ak nan lemonn. Se yon bagay ki va sèvi yon byen, yon modèl pou lòt pèp k ap pale menm lang sa a (ak varyasyon lokal), nan lòt kilti. Koze lòt fason oubyen aksan pa ta dwe gen anpil enpòtans paske anglè ki pale Ozetazini gen anpil diferans pou sa ki pale nan peyi Angletè. Menm bagay la pou lang fransè. Lè pou fè diferans lan, yo oblije mande èske se fransè Kanada oubyen Lafrans, etsetera.
San nou pa ale pi lwen, nou jwenn liv ki ekri pou etranje k ap aprann lang kreyòl la tankou: Siwolin: leson kreyòl pou etranje ki pale fransè, ak divès lòt ankò. Alòske anpil ayisyen pa konn ekri lang y ap pale toulejou a. Sa a se lawonte, mezanmi!
Koze pale lang anndan peyi Ayiti pa piti paske nou pa ka bliye tou, Ayiti se yon zile ki gen de (2) lang ofisyèl: fransè ak kreyòl. Li lè li tan pou Ayisyen sispann fè demagoji. Ann pote kole ak tout moun, tout enstitisyon ki vle fè pwomosyon de (2) lang sa yo anndan peyi a. Nou pa ka jete ni fransè ni kreyòl. Yon Aysisyen ta dwe pale, ekri ak konprann toulède.

Òtograf
Jiskaprezan, se sitou lan domèn òtograf gen efò ki fèt pou estandadize kreyòl ayisyen. N ap raple se lan lane 1980, vin genyen yon òtograf ofisyèl pou kreyòl ayisyen. Lan kesyon diksyonè, gen kèk bon diksyonè bileng angle-kreyòl ak franse-kreyòl, men poko genyen yon diksyonè kreyòl- kreyòl, menmsi sou yon plan pedagojik, li enpòtan pou ta genyen youn. Pou moun ki pale angle, genyen anpil bon liv deyò a pou aprann kreyòl ayisyen men genyen omwen 4 inivèsite ameriken ki anseye klas kreyòl. Laplipa lengwis ki etidye kreyòl ayisyen admèt li gen 3 manman dyalèk: dyalèk lan Nò : se varyete moun pale lan Kap Ayisyen ki reprezante dyalèk sa a; dyalèk lan Sant lan: se varyete moun pale lan Pòtoprens ak lan zòn Pòtoprens ki reprezante dyalèk sa a; epi dyalèk lan Sid: se varyete moun pale lan zòn vil Okay ki reprezante dyalèk sa a. Varyete moun pale lan Nò a sanble se li menm ki mwens sanble ak kreyòl majorite Ayisyen pale, akoz de kèlke diferans li genyen sou plan leksikal ak sou plan sentaksik. Varyete moun pale lan Sant lan sanble se li menm ki gen plis prestij pou rezon politik, ekonomik, e kiltirèl, men paske gen anpil moun ki kite pwovens pou vin viv Pòtoprens, fwontyè ki separe dyalèk yo vin pi flou e anpil Ayisyen pale alèz 2 dyalèk.
ISTWA LANG KREYòL LA
Sou plan istorik, li difisil pou nou bay presizyon sou ki lè kreyòl ayisyen parèt. Lan lane 1697, Franse yo ki tap viv ann Ayiti depi 1629, vin okipe ofisyèlman pati wès Sen Domeng. Ispayola se non tout zile a. Anvan 1697, se Panyòl ki te mèt tout zile a. Se apre Franse vin pran Sen Domeng vin genyen tout kondisyon yo pou yon kreyòl ki baze sou franse parèt: Franse yo kòmanse komès esklav e vin genyen nesesite pou kolon yo kominike avèk esklav yo. Se konsa lang kreyòl vin parèt. Dapre kèk istoryen, vè 1728, te genyen anviwon 50.000 esklav ak yon ti kras mwens kolon lan Sen Domeng, men ant 1740 e 1791 yo estime te genyen prèske yon demi-milyon Afriken ki tap travay kòm esklav lan jaden Sen Domeng yo. Yo te rele esklav ki te fèt ann Afrik yo “bosal”, men sa ki te fèt Sen Domeng yo, yo te rele yo “kreyòl”. Kreyòl ayisyen grandi lan kontèks jaden Sen Domeng yo, kote esklav afriken, ki te pale lang Niger-Congo yo, te antre an kontak avèk kolon franse ki te pale yon varyete franse ki diferan anpil de franse moun pale kounyè a epi esklav afriken sa yo eseye kominike avèk kolon franse sa yo. Tankou nenpòt ki lòt lang kretyen vivan pale sou latè, kreyòl ayisyen se yon sistèm lengwistik total ki gen pwòp règ pa li e ki pa depann de okenn lòt lang pou li fonksyone. Genyen 7 milyon edmi moun ki pale li ann Ayiti, e plis pase yon milyon lòt ki pale li lan dyaspora a. Kreyòl ayisyen pa franse mawon. Se yon lang diferan de lang franse, kwake gen anpil mo lan vokabilè li ki soti lan franse tankou mo franse soti souvan nan lang laten.
NESANS LANG KREYòL LA
Lang kreyòl yo pran nesans apati efò popilasyon esklav la pou pale lang mèt li. Premye efò yo abouti a yon mwayen kominikasyon primitif, san estrikti, yon senp echanj mo ke yo rele nan jagon lengwistik, yon ‘pidjin'. Nou dwe ajoute tou, isit, avan yo te rekrite esklav yo nan diferan rejyon Afrik, yo te pale lang diferan. Sa te fèt pa esprè pou yo pa t òganize yo youn lòt de fason pou pa t leve kont mèt yo.
Daprè gwo etid ki fèt, nou wè gen lang ki vivan (sa moun ap pale), konsa tou, gen lang ki mouri. Pa egzanp «laten» se yon lang mouri paske pa gen moun ki pale l ankò byenke (tras) itilizasyon l, nan sèten ka, enpòtan pou yon seri referans (tèlke nan syans, koze legal, elt.). Gen lang ki manman lòt lang. Nan ka sa a, nou ka konsidere «laten» tankou yon manman lang (nan gwo branch «endo ewopeyen an») paske gen anpil lòt lang romàn (kouwè: espayòl, fransè, gayeyo, italyen, katalan, provansal, roumanyen) ki pran rasin yo ladan. Daprè sa nou fin wè la a, nou ka di kreyòl se yon lang vivan paske li pale nan yon peyi kote moun sèvi avèk li pou kominike toulejou epi fè sa yo bezwen ladan. Koze sentaks (chapant lang nan) ak semantik (sans mo yo), mòfoloji (fòmasyon mo yo), nou kite sa pou mesye lengwis yo ki dwe mete yo ansanm pou konble vid ki merite konble nan lang kreyòl la.

Nesans lang kreyòl ayisyen an
Daprè anpil rechèch ki fèt, lang kreyòl la ta gen estrikti kèk lang ki sòti nan zòn lwès kontinan Afriken an. Pou n pi klè, n ap di lang «ewe» ak «fon» (nan epòk disetyèm syèk). Afriken, sa yo kolon blan te trennen vin lage Sendomeng, pa t gen lòt bagay pou fè ke chache konprann youn lòt epi vòlè mo anba bouch kolon blan, yon kole pyese ki bay nesans a yon tip «pidjin» epi ki evolye nan yon lang oubyen yon kominezon ki vin bay lang kreyòl la (daprè sa Michel Degraff ekri nan rechèch li fè sou lang la1. Ernst Mirville (M.D), nan yon dokiman li ekri ki rele «Le créole peut-il être clair?» (èske kreyòl la ka klè?2, montre nan travay sa a ke kreyòl se yon lang tankou tout lòt paske avèk lang sa a, ou ka fè sòti tout lide w genyen nan zafè lasyans, moral ak relijyon. Yon lide anpil moun pa pataje menm lè yo sèvi ak lang lan pou eksprime tout doulè, kontantman, kominike ak lòt bagay, bay blag, rakonte istwa, elatriye
miércoles, 23 de abril de 2008
ORIJIN LANG KREYòL AYISYEN AN
kouman kreyòl la te koumanse?
Lè nou fè yon rale mennen vini soti depi sou tan lakoloni, nou wè lang kreyòl la se yo bagay ki pran nesans nan tout koloni ki te gen esklav nwè ki te sot an Afrik. Se konsa esklav yo, lè yo te rive nan koloni an yo, yo pa te gen libète pou yo te komike antre yo. Paske yo te gen difikilte pou plizyè rezon:
1- kolon yo pa te penmèt yo pale antre yo, pou evite yo mare konplo kont yo.
2- Epitou ant esklav yo, te genyen gwo difikilte pou youn te konprann lòt, paske yo te soti nan plizyè tribi ki pale dialèk diferan an Afrik.
Se poutèt sa esklav yo te oblije ap veye lè mèt yo pa prezan, pou yo te eseye kominike youn ak lòt menm lè youn pa te compran lòt. Sa te vin fè nan chanje mo diferan antre yo dapre tribi pa yo chak, yo te koumanse kreye yon fason pou yo pale antre yo. Sa se yon nan premye pa ki pral bay nesans ak lang kreyol la. Se poutèt sa, nan koumansman, kreyol la te gen yon fòm patwa, paske se te mo koupe kole. Nan ka sa, sou chak gwo pwopyete kolon blan yo, chak gwoup esklav te genyen you patwa pwòp pou yo menm, paske sa te depann nan ki tribu yo te soti nan Afrik la. Se sa ki fè nou ka wè, jouk jounen jodia nan chak antiy yo, yo pale kreyol la you jan diferan.
Lòt bagay ankò ki rantre nan nouvo mòd pale esklav yo, se mo fransè yo. Ka sa te prezante se paske, esklav domestik yo lè yo ap fè travay nan kay mèt yo, yo te toujou tande mo franse yo k´ap soti nan bouch gwo kolon blan yo ki te konn ap pale swa ak madanm yo, pitit yo oubyen zanmi yo. Se konsa esklav domestik sa yo, lè yo te konn ap pale antre yo, oubyen ak lòt esklav jaden yo, yo te koumanse ap sèvi ak menm mo franse sa yo. Pa egzanmp: lè yon blan kouche ak you bèl nègès, lè nègès la akouche si li fè de timoun, sa te vle di pou blan li se yon gason ki garyon anpil, lè li ap pale franse ak lòt zanmi li yo li di “ce fruit lá, c´est le germe de ma race”, lòt esklav yo ki pa konprann franse entèprete fraz la nan fason pa yo, epi yo di: blan di “se de marasa”. konsa, mo marasa vin devni an kreyòl de timoun ki fèt menm lè nan yon sèl pòte.
Se poutèt sa , an gwo nou ka di orijin lang kreyòl la te koumanse depi sou tan lakoloni ak yon melanj de plizyè lang ewopeyen, tankou: franse, espanyòl, pòtigè ak anglè. Paske sa te depann de ki gwoup blan ewopeyen ki t´ap koumande nan chak koloni ki te nan zile yo ak lòt teritwa yo.

Suscribirse a:
Entradas (Atom)